
Swazan reprezantan pou kek òganizasyon non-gouvènmantal nasyonal avek entènasyonal, gwoup de baz, gouvènman Ayisyen, avek lòt moun ki enterese nan anviwonman Ayisyen te rankontre 2-4 Jiye 2007 pou patisipe nan Inisyativ Nasyonal pou Anviwonman. Reyinyon sa te gen kom fokis pou idantifiye etap stratejik pou koòdinasyon avek kolaborasyon. Nan fin konferans lan, òganizasyon ki te patisipe yo te etabli yon koalisyon ki te bay devosyon li sou zafe restorasyon anviwonman natirel an Ayiti.
Rapò sa enkli istwa Inisyativ Nasyonal pou Anviwonman, yon somè sou evenman sa, epi pwen an komen nou te defini pandan rankont sa. Nan dokiman sa genyen intwodiksyon pou nouvo koalisyon an, Koalisyon Nasyonal pou Anviwonman Ayisyen (Haitian National Coalition for the Environment), avek detay sou estrikti avek koòdinasyon, epi bi avek aktivite yo tou.
Si ou vle plis enfòmasyon sou koalisyon an avek inisyativ nan rapò sa, kontakte Melinda Miles, melinda@konpay.org.