
EGZÈPT, 16 - 20 MAS 2008, TÈM JENERAL : MPP, 35 ANE LIT POU YON AYITI GRANMOUN
4.- Sou zafè souverennte alimantè
Ayiti te yon peyi souvren nan zafè manje. Peyizan ayisyen te toujou pwodui manje ki nouri tout popilasyon an. Peyi a te menm konn voye vann manje ak anpil lòt pwodui agrikòl nan peyi etranje.
Ayiti te konn voye vann pwodui òganik, pwodui ki bon pou lasante. Jounen jodia, peyi a tounen restavèk nèt nan zafè manje. Nou achte 80 pousan diri nou manje nan peyi etranje, alòske nou genyen kapasite pou pwodui ase diri pou nouri tèt nou epi pou jwenn dekwa pou nou ta voye vann nan peyi etranje.
Vant nou depann jodia de manje pèpè tankou zèl kòdenn, zèl poul, poul pouri, pwason pèpè ak tout lòt kalite pwodui pèpè k ap ravaje sante nou.
Jounen jodya, nou pèdi abitid alimantè nou ki te fè idantite nou kòm pèp. Gen ayisyen ki pa vle manje diri peyi ankò. Peyizan pa vle manje mayi moulen lakay yo ankò. Konbit pa fèt ak gwo chodyè mayi moulen ankò. Olye nou manje tchaka, chanmchanm, doukounou, akra, anpanan, tonmtonm, tayo mazoubèl, tayo djannankou, lam veritab, labapen, yanm, patat, manyòk, bannann etsetera, nou pito manje pen, espageti, makaroni. Olye nou fè manje ak diten, fèy bazilik, nou tonbe nan aksan, nan magi, nan switi k ap pote tout kalite vye maladi nan kò nou.
Jounen jodia, vant nou sou kont vwazen. Se vwazen ki vann nou yon milyon ze chak jou, 84 000 poul blanch chak jou. Se li ki vann nou sitwon, kokoye ak tout lòt kalite pwodwi.
5.- Sou zafè grangou ak lavi chè a
Jodia, si se pou pwodiksyon manje lakay nou, grangou t ap deja touye 60 pousan nan nou.
Nou anba yon grangou nasyonal k ap koupe trip nou. Grangou a tèlman rèd, pèp la rele li klowòks. Nou anba klwòks sa a, paske gouvènman repiblik la abandone pwodiksyon nasyonal la. Peyizan yo lage tankou pitimi san gadò. Yo blije lage travay latè lakay yo pou ale travay latè kay vwazen pou voye vann nou.
Prezidan peyi a ak Premye Minis lan ap plede repete se manje ki desann pri manje pou tronpe moun ti sèvèl. Noumenm peyizan yo nou p ap pran nan blòf sa a, lè nou konnen se sèlman swadizan 4 edmi pousan ki prevwa nan bidjè nasyonal la pou agrikilti. Nan 4edmi pousan sa a, pa gen menm 1 pousan ki rive bò kote nou. Lajan yo mete nan bidjè a pou agrikilti se blòf, paske se lajan pwomès bayè de fon etranje yo mete nan bidjè a. Yo pa gen lajan sa a vre. Epi majorite ti kòb sa a pral peye biwokrat.
Prezidan peyi a ak premye minis lan pase grangou pèp la nan betiz. Yo di yo pa kapab fè mirak. Yo pa gen okenn politik pwodiksyon nasyonal, okenn politik pwodiksyon manje.
Prezidan Preval pa pale de refòm agrè ankò. Yo fèmen BCA [1], menm lè li pa te twò itil peyizan yo. Yap pale de yon bank riral ki se yon veritab blòf.
Gouvènman an pa fè anyen pou soulaje peyizan yo kont lavi chè a. Pa gen okenn travay li kreye nan seksyon kominal yo. Afè apèzman sosyal la, ki te yon blòf, pa rive nan seksyon kominal yo menm kòm similak. Gouvènman sa a pa nan zafè peyizan.
Politik gouvènman sa a pou peyizan yo, se fè klas peyizan an disparèt pou yo tounen esklav nan plantasyon mestiyen pou fè gaz pou voye nan vant machin meriken, oubyen pou yo ale travay pou po patat nan zòn franch gouvènman sa a gen plan simaye toupatou nan peyi a.
6.- Sou pwoblèm anviwònman an
Nan moman endepandans lan, 80 pousan nan tèritwa peyi a te kouvri ak forè, jodia nou rete mwens pase 1 pousan kouvèti vejetal. Se ekzistans peyi a ak tout popilasyon an menm ki menase. Peyi a pa kapab sipòte yon gwo lapli pou pa gen katastròf ki blayi sou popilasyon an. Sitiyasyon an vin pi grav chak jou, paske majorite peyizan yo blije antre nan fè chabon pou yo siviv. Men, pa gen bwa ankò pou koupe. Peyizan yo ap fouye ti rasin bwa anba tè pou yo fè chabon. Pa gen bwa pou fè manje ankò nan anpil seksyon kominal nan peyi a. Sa ki pi rèd la, gouvènman ayisyen pa janm gen okenn plan kreye lòt sous enèji pou wete presyon sou pye bwa yo.
Chak lapli ki tonbe, yon pati nan ti kouch tè ki kapab fè manje toujou a ale anba lanmè. Sa ki pi rèd dlo pase pran moun yo, kay yo, bèt yo, jaden yo. Nan anpil zòn, tankou Ansafolè, Lapwent, Polen lakòn nan Nòdwès, pou nou bay ekzanp sa yo sèlman, lavi moun yo an danje tout tan. Rivyè yo kite wout yo, pou ale detri yon seri kominote tout antye.
Mòn yo ale konble lanmè a. Pwason nou yo pa kapab peple ankò. Mangròv yo fin disparèt, pwason nou yo pa kapab fè pitit ankò kote moun ki viv de lapèch yo kapab kenbe yo. Malere k ap fè lapèch nan peyi a pa gen okenn mwayen pou ale lwen sou lanmè. Konsa, se lòt peyi k ap piye resous maritim peyi a. Zwazo nou yo pran ekzil, pwason nou yo pran ekzil.
Salte mete moun deyò toupatou nan vil yo. Pa gen drenaj nan vil yo, pa gen politik jesyon fatra. Sous dlo moun ap bwè yo fin kontamine. Peyizan yo pa gen latrin pou fè bezwen yo. Nou anba yon veritab katastròf.
Devan danje sa yo, pa gen okenn politik pwoteksyon anviwònman an. Gouvènman an pa plante yon pye bwa okenn kote nan peyi a. Nou pa menm byen konnen ki ministè ki reskonsab rebwazman nan peyi a.